Appears in 2 hymnals Matching Instances: 2 First Line: Bèjé mouin, sé you Roua d'amou Lyrics: HAITIAN CREOLE-
1 Bèjé mouin, sé you Roua d'amou,
Bonté li p'ap janm fini.
Si sé liminm ki Sovè mouin,
Mouin p'ap janm manké an yen.
Refrain:
Koté, dloa, koulé pi fré,
Sé la, li va kondui mouin,
E sé koté zèb yo pi bèl
Li mété paturaj mouin.
2 Mouin té fou lè mouin té lité l,
Min limimm vi ni chachém,
E sou zépòl li, li pòtém
Byen kontan ak li m'tou nin. [Refrain]
3 Minm si mouin ouè lanmò anfas,
Mouin p'apé pé you ti kras.
Grobaton ou ap protéjém,
Koua ou dévan ap gidém. [Refrain]
4 Ou ranjé ou si bèl kouvè,
Pou mouin, dévan tout lénmim.
Ou manjé ak mouin, ou banm bouè,
Dlo kè sièl la sèl gin yen. [Refrain]
5 Nin pòt ki sa ki kab rivé,
Juskala fin m'a suivou.
E pi nan sièl la m'a chanté,
Gras ou ki p'ap janm fini. [Refrain]
Topics: Psalms Scripture: Psalm 23 Used With Tune: [Bèjé mouin, sé you Roua d'amou] Text Sources: Haitian hymn, as sung by Fede Jean-Pierre
Bejé mouin, sé you Roua d'amou (The God of love my Shepherd is)